Prezidan Ayisyen yo te asasine a, Jovenel Moïse

The article (below) was translated from English into Haitian by PCGroup's Principal, Hyppolite Pierre

Marie Abi-Habib
PORT-AU-PRINCE – Prezidan Ayiti, Jovenel Moïse, ta pwal mete non anpil moun deyò.

Avan yo te asasine l nan mwa Jiyè, li tap fè lis gwo potanta politisyen ak biznisman ki enplike nan trafik dwòg, answit pou l te bay gouvènman Ameriken an dosye sa a. Sa se daprè sa kat (4) grann konseye misye ki tap drese dosye sa-a fè konnen.
Prezidan an te di konseye sa yo pou yo pa fè pèsonn moun favè, menm moun ki te rannn li posib pou-l te vin prezidan, daprè sa yo di – sa se youn nan plizyè aksyon misye tap komèt kont sispèk nan zafè dwòg, e sa tou ka eksplike youn nan rezon asasinasyon misye.
Lè nèg ak zam yo te pete pòt lakay misye jouk yo te touye l la nan chamb li, madanm misye, Martine Moïse – ke yo te tire epi ki tap bay san atè a, epi, ki te fè kankou l te mouri – eksplike kouman yo te rete pou yo te fouye chanm lan, pandan yo tap fè vit nan chèche nan tout ti kwen pou dosye prezidan an.
“Men bagay la”, yo te finalman di youn-lòt avan yo te sove, Martine di New York Times nan premye entèvyou aprè asasinasyon an, anplis ke l te ajoute ke li pat konnen ki sa nèg ak zam yo te prann.
Lò anketè rive sou sèn krim lan, yo jwenn lakay prezidan an tèt anba, papye toupatou. Nan entèwogasyon, kèk nan kriminèl yo te kenbe yo di ke jwenn lis Mesye Moïse tap travay sou li an – ak non sispèk nan zafè dwòg yo – se te pi gwo priyorite. Sa se daprè twa (3) gwo ofisyèl Ayisyen ki konn sa ki dekwa nan envestigasyon an.
Dokiman an se youn nan you seri de kont Mesye Moïse te genyen ak gwo potanta politisyen ak biznisman, e gen kèk ladan yo ki se sispèk nan trafik stipefyan ak zam. Mr. Moïse te konn anpil ladan yo pandan plizyè ane, e yo te santi misye te trayi yo paske li te bayo do, patizan politik misye te di.
Nan mwa avan misye mouri an, Mesye Moïse tap prann desizyon pou l te netwaye Ladwan peyi dAyiti, nasyonalize youn pò ki gen istwa kontrebann, detwi youn pis avyon prive trafikan dwòg konn itilize, ak ankete komès anguiy, youn fri de mè ki trè ranntab. Ankèt sou zafè anguiy la te revele ke se te youn mwayen pou fè blanchiman lajan.
Journal la (NY Times) fè antretyen ak plis ke 70 moun, epi nou te vwayaje nan wit (8) sou dis (10) depatman Ayiti, pou fè antretyen ak politisyen, zanmi danfans Mesye Moïse, polisye, pechè pwason, ak moun ki nan zafè komès dwòg pou n te ka konprannn sak pase nan sèt (7) dènye mwa lavi prezidan an ki te ka kòz nan asasina misye. Anpil nan moun sa yo kounye a pè pou yo pa touye yo tou.
“Mwen ta vrèman bèt pou m pa ta panse ke trafik stipefyan ak trafik dwòg pa gen anyen pou wè ak asasinasyon Moïse”, Daniel Foote di. Misye te Anvwaye Espesyal Etazini avan l te demisyone nan mwa pase a. “Kèlkilanswa moun ki konprannn politik ak ekonomy Ayiti konprannn sa tou”.
Youn moun ki nan nannan lis Moïse la, se te Charles Saint-Rémy, ke tout moun konnen sou ti non jwèt Kiko. Se sa de ofisyèl Ayisyen ki te gen responsabilite pou yo te ekri bwouyon dosye a te di. Mr. Saint-Rémy, youn komèsan Ayisyen, te toujou youn sispèk Fòs Rannfòsman Travay kont Zafè Dwòg Ozetazini. Sonje byen, li se bòfrè ansyen prezidan Michel Martelly, misye menm ki te met Moïse sou lagralba nan zafè politik an n Ayiti epi, li te chwazi misye kòm siksesè l.
Mr. Martelly, kap debat toujou si pou l al eseye poze kandidati li pou prezidan peyi dAyiti ankò, ansanm ak Saint-Rémy te gen gwo kokenn chenn enfliyans sou gouvènman Moïse la. Yo te gen dizon nan kiyès moun ki te ka jwenn kontra leta, kiyès ki te kapab vin Minis oubyen fè pati de kabinè ministeryèl, daprè sa ke moun ki te anndan ak deyò Administrasyon Moïse la fè konnen. Men Mr. Moïse te vin santi ke mesye sa yo ak lòt gwo panpan tap rannn travay nan prezidans li an pi difisil. Se sa ansyen èd prezidan an fè konprannn.
Ofisyèl Ameriken di ke yap gade deprè efò Mesye Moïse tap fè pou l te ka derannje komès dwòg an n Ayiti, ansanm ak defi li te koumanse reprezante pou fanmi ki plen pouvwa an n Ayiti kòm rezon pou asasinasyon misye; yo fè konprannn ke Misye Saint-Remy parèt kankou youn sispèk depi envestigasyon an te koumanse. Men yo di tou ke Moïse te menase anpil moun nan elit ekonomik lan, ki gen ladan yo anpil moun ki gen koneksyon kriminèl nan rasin yo.
Ni Misye Martelly, ni Misye Saint-Rémy pat reponn a youn seri kesyon detaye nou te voye bayo pou atik sa-a.
Envestigasyon nan asasina Misye Moïse bloke, daprè sa ofisyèl Ameriken di, e si yo pa jwenn nannan rezon asasinasyon misye a, anpil Ayisyen rete kwè ke sa ap ajoute sou sans pwofon enpinite ki genyen nan peyi dAyiti. Sa ka rannn rezo kriminèl ki kontwole leta peyi an vin santi yo pi pisan.
Moun ki sispèk kòm trafikan dwòg ak zam gen lontan yo chita nan Palman peyi a. Ti avyon kontrebann toutan ap desann nan pis prive, klandesten. Yo menm konn kenbe ofisye polis kap ede moun ki nan kontrebann dwòg; gen menm jij ki konn resevwa podven (youn ti grese lapat) pou yo rejte kèk ka.
Ayiti kounye a kapab ofri pi gwo wout pou dwòg kap antre Etazini, men li difisil pou konfime sa paske peyi a vin difisil pou l sou kontwòl nòmal lapolis. Fòs pou lòd ak lalwa Ameriken pa kapab menm genyen youn pwogram envestigasyon elektwonik nan peyi a; yo pa kapab nonplis kolabore konplètman ak omològ Ayisyen yo, paske kòripsyon nan peyi dAyiti se youn bagay ki vin twò anrasine, daprè sa ofisyèl Ameriken di.
“Chak grenn moun ki nan trafik dwòg isi-a, gen omwen youn ofisye polis nan ekip li”, Compère Daniel ki se youn Komisè Polis nan Depatman Nòdwès Ayiti di; depatman sa-a, se youn gwo koridò pou pasaj kontrebann.
“Li enposib pou mwen pou m jwenn ofisye polis pou kowopere ak mwen sou teren an”, misye te di. “Gen defwa, yo pa menm reponn apèl mwen lò m rele yo”.
Operasyon D.E.A an n Ayiti sou siveyans tou. Yo vin kritike ajans lan plis paske gen omwen de (2) Ayisyen ke yo sispèk ki nan asasinasyon Moïse la ki te konn ap bay DEA enfèmasyon anba-anba.
Nan mwa Novanm, Komite Jidisyè Sena Ameriken te kritike DEA ak akizasyon koripsyon ke moun tap fè anba po, sou operasyon ajans sa-a an n Ayiti. Yo te baze kritik sa a- sou youn ankèt NY Times te fè nan mwa Awout, ki te mare chef sekirite Palè Moïse la nan komès dwòg. D. E. A., ke ansyen ajan li te akize pou move administrasyon yo te fè sou youn gwo ka dwòg an n Ayiti, pat vle fè kòmantè.
Vrè Lidè Peyi a Pat Prezidan an.
Lè Mesye Martelly te chwazi Misye Moïse pou siksede l an 2014, Martelly te prezante nasyon an, youn moun ki te sipoze pa sot nan gran klas ak orijin peyzan l lan, youn nèg pwovens ki te retire tèt li nan mizè nan fè komès plantasyon bannann.
Asosye Martelly yo di ke yo te rannkontre Moïse premye fwa nan youn konferanns epi, yo te enpresyone jan misye te gen gwo talan pou biznis. Men, istwa a pa fasil konsa: Misye Moïse te grandi sitou nan kapital la, anpil nan manb direksyon plantasyon bannann li an di ke biznis lan te fè fayit, epi Mesye Moïse se te youn gwo asosye Misye Saint-Remy ak omwen youn lòt gwo sispèk nan zafè trafik dwòg.
Mesye Moïse, 53 zan lè yo te asasinen l lan, te fèt Twoudinò, youn vilaj agrikòl ki soufri pandan plizyè dizèn lane akoz de neglijans leta. Papa l te kondwi youn traktè nan youn plantasyon sizal (fil) nan zòn nan jiskatan li te vin pèdi travay li lè plantasyon an te vin fèmen. Sa se sa moun nan rejyon an te eksplike pandan entèvyou ki te fèt ak yo.
Lè Misye Moïse te gen set (7) an, manman misye te fè limenm ak frèl ak sèl yo al rete Kafou, youn bidonvil Pòtoprens, pandan l tap cheche travay ak youn lekòl segondè pou pitit li, fanmi misye di. Lè l te nan inivèsite, Misye Moïse te rankontre ak madanm li, epi yo te al abite nan vil natal manmzèl, Pòdepè, nan Nòdwès.
Nan ane 2000 yo, Misye Moïse te rankontre Evinx Daniel, ki te vin patnè li nan biznis, daprè sa fanmi ak moun pwòch yo toulède eksplike. Misye Daniel, youn bon zanmi Misye Martelly, te vin gen akizasyon sou do l ki te fè konprannn ke li te youn trafikan dwòg.
Misye Moïse te travay ak Misye Daniel nan youn nan antrepriz li yo, Mariella Food Products, ki te konn fè biswit ak foto youn tifi ki pwal lekòl sou sachè a, ki penyen tèt li ak youn très long. Gen youn ansyen wo grade lapolis ki di konsa ke yo te sispèk konpayii sa-a, se te youn lombraj pou youn operasyon blanchiman lajan.  

Li pa klè jis nan ki pwen Misye Moïse te enplike nan konpayi sa-a, men gen youn ansyen senatè, Jean-Baptiste Bien-Aimé, ki te di li sonje mesye sa yo te vin nan biwo li pou pale de konpayi an apeprè dizan avan. Li di ke mesye sa yo te ase souvan ansanm ak Mr. Saint-Rémy, bofrè Martelly.
“Yo te souvan ansanm. Se te kankou pwason kraze nan bouyon”, Misye Bien-Aimé di.
Misye Saint-Rémy admèt piblikman ke li te konn vann dwòg bagay lontan, men li deklare ke jounen jodi a, tout bizinis li pwòp, lejitim. Ofisyèl Ayisyen ki rannfòse lalwa ak ansyen fonksyonè D. E. A. ki tap travay an n Anyiti resamman di ke yo kwè, misye se younn nan pi gwo trafikan dwòg an n Ayiti.
Jacques Jean Kinan, kouzen Misye Moïse, di konsa ke Misye Moïse ak Misye Saint-Remy te travay nan endistri anguiy.
Kòm bòfrè l te vin prezidan, Misye Saint-Rémy te vin chaje enfliyans, te konn ap mande toutan pou l jwen lisans pou pi bon kontra, sitou lisans pou ekspòtasyon anguiy, daprè ofisyèl gouvènman Martelly.
Lè l pat jwenn sa l te konn mande yo, li te ka tounen vyolan: nan lane 2015, Misye Saint-Rémy te agrese Minis Agrikilti a paske Minis lan te bay youn moun youn kontra san konsantman l; se youn batay ke youn journal te fè repòtaj sou li nan epòk la, e gen youn ansyen Minis gouvènman an ki konfime sa tou.
Kòm kontwòl Misye Saint-Rémy nan komès anguiy la te vin pi djanm, Misye Moïse te vin deside pou l kite sektè sa-a epi, li te vin konsantre l sou biznis Agritrans, youn plantasyon bannan ki pa twò lwen vil natal li.
“Papa m te di ke fanmi Martelly te vin kontwole biznis anguiy lan epi, te vin rann li difisil tou pou nenpòt ki lòt moun te ka rantre ladan l”, pitit gason prezidan asasine an, Joverlein Moïse, te di.
Misye Moïse te kenbe kontak tou ak asosye l, Misye Daniel, ki te louvri youn otèl nan vil Okay, youn vil nan kot Sid peyi a, youn ofisyèl ak youn pwòch te di.
An 2013, Misye Daniel te di otorite yo ke li te jwenn 23 pakè marijuana ki tap flote sou lanmè pandan li te nan bato li ekidonk, li te deside pou l pote yo lakay li. Misye Daniel di ke lè sa te rive, ke limenm ak Misye Saint-Rémy te rele D. E. A. pou yo te vin prann machandiz sa-a ke yo te jwenn lan.
Youn komisè gouvènman, Jean Marie Salomon, pa kwè istwa sa-a, e li sispèk ke se youn dil dwòg ki te vin pase mal aprè ke moun nan zòn nan te vin tonbe sou mago a. Li te arete Misye Daniel sou akizasyon trafik dwòg, men li di ke Minis pou Jistis Martelly an te fè youn entèvansyon pèsonèl nan zafè sa-a e te egzije liberasyon misye.
Youn ti tan aprè sa, Misye Martelly te al nan otèl Misye Daniel la ak youn delegasyon pou l te ka demontre sipò l, Misye Salomon di. “Mesaj la se te, jistis pa enpòtan”, se konsa Salomon te di l.
Jis kèk mwa aprè yo te lage l, Mesye Daniel te disparèt an 2014, e machin li tap kondwi a, yo te jwenn li nan youn estasyon gazolin. De moun – youn pwòch Misye Daniel ak youn ofisye polis lè sa-a – te di ke Misye Moïse se youn nan dènye moun ki te wè misye an vi. Tout moun kwè ke misye mouri.
Misye Salomon sispèk ke se dilè dwòg ki touye misye, paske yo te pè pou misye pat denonse yo nan youn akò lajistis pou youn pi bon santans, e jis kounye a, yo poko rezoud pwoblèm disparisyon misye. De anketè fè konnen ke youn inite polis federal ke gouvènman Misye Martelly a te kontwole te mete yo a kote, epi, yo gate prèv (evidans) yo.
Kòm Konstitisyon an anpeche Misye Martelly pou l te prezidan de fwa swivi-swivi (konsekitiv), misye te koumanse chache youn moun pou te siksede l, pou te ranplase l. Li te vle jwenn youn moun ki pou te kenbe chèz la cho pou li jiskaske li te ka lanse youn lòt kanpaiy prezidansyèl pou pwoteje tèt li kont akizasyon kòripsyon ki gen ladan l tou, mal afektasyon plizyè milya dola pandan l te sou pouvwa, daprè ansyen ofisyèl gouvènman Martelly ak gouvènman Moïse.
Li finalman deside pou l chwazi Moïse, prezante misye kankou youn antreprenè ki plen siksè nan biznis, epi kòm ti non jwèt li rele li, “nèg bannan lan” nan kanpay misye.
“Mwen te di Martelly, fòk wou chache vot peyizan yo, youn moun ki sanble ak yo, youn moun ki nwè”, Jacques Sauveur Jean, youn ansyen senatè e ki te dèfwa youn alye Martelly, te eksplike nou. Li di ke Ayisyen yo te bouke ak moun po klè privilejye sa yo kap dirije peyi a, e yo te santi ke Misye Moïse, ak po fonse l la epi ak rasin li nan peyizanri an te reprezante yo pi byen.
Nan entèvyou, twa nan premye manb biznis agrikòl Moïse lan, Agritans, eksplike konpayi an kankou youn echèk, kote yo pèdi manman envestisman yo a men sèlman, yo gen youn teren sèk ki rete.
Men, kòm Martelly tap cheche youn rannplasan, konpayi an resevwa 6 milyon dola Ameriken kankou youn prè leta Ayisyen.
Esther Antoine, younn nan manadjè kanpay Moïse la, di konsa li te travay ak misye pou misye te ka vin gen youn pi bèl imaj, pou l te ka aprannn sispann bege ki te youn pwoblèm pou li depi lontan, ak amelyore konfyans nan tèt li. Men, lè l tap fè kanpay li, Mesye Martelly te toujou parèt pi wo, pi plis ke moun li te sipoze fè efò pou ede l fè pwomosyon an.
Ms. Antoine, ki te gen sousi ke prezans pwononse Martelly tap nwaye kandida l la, epi li di ke li te konvenk prezidan an pou l te bay Misye Moïse plis espas pou misye te ka fè kanpay li poukont li. Madan Martelly pat renmen sa ditou, manmzèl di.
Manmzèl di ke Madan Martelly te vin “sispèk” li (Ms. Antoine) epi li te fèl transpòte l pou Mennen l lakay Martelly nan mitan youn nwit, pou li te reprimande li paske manmzèl pat enfòme yo de ki kote Moïse te ye a chak fwa, tou tan.
Ms. Antoine di li te fè refraktè, te eksplike yo ke li tap travay pou Moïse, nonpwen pou lafanmi Martelly.
“Lè sa-a, Madan Martelly gade m epi li di m konsa, . Wou genlè pa konprannn sa”. Se konsa Ms. Antoine te di l. “Mwen te choke. Mwen mande l pou li repete sa l di a lè sa -a, li di menm pawòl la an frannsè: ‘Jovenel est une propriété’” (Jovenel, se youn pwopriyete).
Ansyen premyè dam lan pat reponn a youn seri de kesyon detaye ke nou te voye bali pou atik sa-a.
Lè misye te genyen epi prann pouvwa a an 2017, Misye Moïse te santi lap toufe men li te rete lwayal anvè Martelly, moun ki ansyen èd li yo di.
Misye Moïse patka chwazi pwòp kabinè pa l san akò fanmi Martelly ak fanmi Saint-Rémy, se sa ki di. Martelly yo te toujou konn ap rele Misye Moïse, rele sou li pou inisyativ lejislatif li yo, daprè anpil moun ki te konn tande konvèsasyon yo.
“Vrè lidè a pat prezidan an”, Gabriel Fortnué ki te youn konseye rapwoche Misye Moïse di. Misye mouri youn jou aprè entèvyou sa-a ak NY Times nan trannbleman tè. “Se te parenn li, Mr. Martelly. Lè nap pale de parenn, nap pale nan kontèks Italyen an”, li ajoute, “Lafanmi”.
Ms. Antoine rekonèt ke Mr. Moïse byen souvan te fèmen je l sou koripsyon nan gouvènman-l lan, pou l te evite fè enmi ak kapab avanse pwòp inisyativ pal.
“Li te konn di ‘kite m bayo manje pou yo ka kite m anpè. Si yap fè lajan, kite po mwen elektrisite ak wout mwen yo”. Se sa Ms. Antoine sonje misye te konn di.
Men, kritik mesye Moïse yo di ke li te nan kòripsyon an tou. Avan l te gen pouvwa, gouvènman Ayisyen an tap fè ankèt sou Mesye Moïse, madanm li ak konpayi yo a, Agritans, pou gwo sòm lajan yo te konn jwenn nan kont anbank yo ke yo patka eksplike parapò ak nivo komès li tap fè. Se sa youn moun ki tap travay sou ka sa-a rakonte. 

De inite anti-kòripsyon te kesyone tou pou kisa gouvènman Martelly a te prete Agritans youn sòm 6 milyon dola, youn konpayi ki pat gen youn istwa si long. Men, lè Mesye Moïse te vin prann pouvwa, li revoke toulède direktè inite anti-kòripsyon sa yo ki te konn ap travay sou ankèt la.
“Yap Touye m”
Pandan Misye Moïse tap prann kontwòl prezidans li, li te vin reyalize kouman kontwòl total-kapital lafanmi Martelly te gen sou kanpay li an te pwolonje jiska sekirite pèsonèl li tou, daprè sa anpil ofisyèl di.
Mesye Moïse te eritye Dimitri Hérard, youn manb enpòtan nan fòs sekirite pèsonèl Misye Martelly, e li te vin nan pozisyon chef Inite Polis ki tap pwoteje Palè prezidan Moïse la.
Mr. Hérard se te youn sispèk nan trafik dwòg tou. An 2015, lè 

youn bato ak kago li, ak drapo Panama te kanpe (fè rad) nan Pòtoprens, ansanm ak 1,100 kgs. kokayin ak ewoyin ladan li, yo te wè Misye Hérard ki tap kòmande ofisye polis ak tout inifòm pou yo te dechaje dwòg lan nan machin avan ke yo te demare rapid-rapid ak tout dwòg la nan machin yo. Sa se daprè sa youn temwen, ansanm ak Keith McNichols youn ansyen D.
E. A. ki te estasyone an n Ayiti, te di. McNichols te responsab envestigasyon sou disparisyon trannspòtasyon dwòg sa a.
Men, Mesye Martelly te pwoteje Mesye Hérard pou envestigatè pat kesyone misye sou ka sa-a, youn ansyen ofisyèl Nasyon Zini di.
Mr. Moïse pat fè Mr. Hérard konfians ditou, daprè sa anpil nan ansyen konseye Moïse te di, ak youn ansyen diplomat etranje Moïse te eksplike sa. Omwen youn fwa, yo di ke yo te jwenn Misye Hérard ki tap fè espyon sou Mesye Saint-Rémy pou te enfòme l sou reyinyon Mesye Moïse yo.
Mesye Hérard, kounye a ki an detansyon kòm sispèk nan asasinasyon an, pat disponib pou fè kòmantè (pou atik sa-a).
Nan mwa Janvye, Mr. Hérard te kòmande 260 zam ki te soti nan peyi Tiki – ki te genyen ladan yo kabin M4 ak zam pòtab- ak fòm ki te ranpli kankou se Palè a ki te kòmande yo. Se sa Mesye Fortnué ak youn ansyen ofisyèl sekirite te di. Men, tan pou li bay inite l yo zam sa yo, li distribiye yo ak gang ansanm ak biznis.
“Lè Moïse te aprannn bagay sa-a ke Hérard te fè, li pat sèlman sezi – li te vin pè”, Mesye Fortuné te di.
Relasyon Mesye Moïse ak fòs sekirite prezidansyèl la, ki te deja sou lagralba, vin pi mal. Men sa te chanje nan mwa Fevriye lè Mr. Hérard te fè Moïse kwè ke li te demantibile youn tantativ kou deta kont li. Briskeman, li pa vin mefyan ankô. Gen ansyen konpayon Moïse, kankou Ms. Antoine ak Mr. Fortuné, ki mande si zafè kou deta sa-a se pat youn manti, pou Moïse te ka sispann nan zafè pa fè Hérard konfyans lan.
Apre kaponnaj kou deta sa-a, Mesye Moïse te ale alofansif, tap choute piblikman sou oligachi ak elit politik la poutèt yo tap chache touye l. Li te pale konsa tou nan youn nan dènye antrevi li te fè ak New York Times avan l te mouri.
Men, dèyè rido yo, gen ofisyèl ki di ke Mesye Moïse te koumanse travay pou l te fwape fò moun li te konsidere kankou enmi l yo. Li te pale ak konpayon ki te pi pwòch li yo, ansanm ak youn seri de ofisyèl byen chwazi pou l te koumanse konpile youn dosye ki tap defini rezo nakotik ak kontreband an n Ayiti yo, ki te gen ladan li Mr. Saint-Rémy, daprè moun ki te enplike nan dokiman sa-a.
Nan mwa Fevriye, Josua Alusma, majistra Pòdepè e youn alye rapwoche Moïse, te kòmande pou te desann komès anguiy la, youn endistri ke se Saint-Rémy ki domine l. Anpil nan anguiy yo al Lachin, men Lapolis an n Ayiti ap ankete endistri sa-a kankou se youn mwayen pou blanchi pwofi ilegal.
“Mwen pa renmen biznis sa-a. Se nan nwit li fèt; wou wè sa m vle di w la”?, Mesye Alusma di. “Pa gen sekirite”.
Li di ke endistri an bezwen reglemante ak taks. “Moun kankou Kiko antre ak soti nan vil la”, li di. “Kiko” se ti non jwèt Mesye Saint-Rémy. “Men” li di ankò, “se noumenm isit la kap rannmase fatra l”. La-a, li tap pale de zam ilegal yo te sezi nan youn pèkizisyon yo te fè ane sa-a.
Nan menm mwa-a, prezidan an te koumanse diskite youn plan pou nasyonalize youn pò bò lanmè ki se pwopriyete alye Martelly, kote ki te gen anpil livrezon zam ilegal ke yo te jwenn e yo te sezi nan ane avan yo; se sa de gwo ofsyèl Ayisyen te di.
“Jovenel te dim li te gen youn ajanda ke li te vle mete an n aplikasyon men li pat kapab paske, li te dim “yap touye m”. Se sa youn gwo politisyen te di ki te sèvi kankou youn konseye enfòmèl pou Mesye Moïse. Li te pale konsa sou kondisyon poul te ka kenbe anonimite l paske li pè pou yo pa touye l. “Pò sa-a”, li di, “te fè pati de plan an”.
Mesye Moïse te eseye mete presyon sou ladwan tou, malgre te gen anpil-anpil rezistans, pou yo te ka koumanse enspekte livrezon ki tap fèt pou mesye Saint-Remy e pou yo te ka chaje li tou sou pwodwi li yo, daprè sa anpil moun ki te konn travay pou prezidan-an di, de gwo ajan ofisyèl sekirite ak youn lòt ofisyèl kap travay nan Ladwan Ekonomis Ayisyen estime ke peyi a pèdi apeprè 500 milyon dola Ameriken chak ane akoz koripsyon ki gen nan ladwan.
Apre sa, nan mitan mwa Me, Fòs sekirite Dominiken te arete Woodley Ethéart, ke yo rele tou Sonson Lafamilia, youn bon zanmi Misye Martelly ak Misye Saint-Rémy. Lè Martelly te prezidan an 2015, li te kanpe pou Mesye Ethéart apre yo te fin arete misye pou zafè kidnaping.
Ane sa-a, Misye Ethéart toujou gen youn manda kont li pou yo arete l, men misye kenbe youn pwofil tou ba. Men nan mwa Me, li menm ak Martelly te pran foto ansanm kote yo tap pran plezi yo Santo Domingo, kapital Repiblik Dominiken. Foto sa yo te parèt sou media sosyal, daprè sa you gwo ofisyèl Dominiken di.
Youn jou aprè, fòs Dominiken te arete Mesye Ethéart epi yo te ekstrade l pou Ayiti.
Moun ki tap travay pou Mesye Moïse di misye te kontan bagay sa-a anpil.
Telefòn prezidan an te sonnen anpil ak apèl Mr. Martelly ak Mesye Saint-Rémy, men prezidan an te refize prann apèl yo. Se sa youn bon zanmi ak konseye prezidan an te rapòte.
“Sonson Lafamilia se youn moun ki pwòch fanmi Martelly anpil”, Joverlein, pitit Moïse, di. “Li posib ke Martelly wè arestasyon sa-a kankou youn mank de respè, ke papa mwen se te you trèt ki tap trayi fanmi Martelly”
Wout pou trafik dwòg nan zòn Nò te vin sou presyon tou. Nan ane 90 yo, ti avyon Cessna ki sot Kolombi te konn ateri nan aviyasyon ki pa twò lwen Pòtoprens. Men, kòm popilasyon an tap ogmante, ti aviyasyon sa yo te vin antoure ak bidonvil. Malere yo te vin reyalize ke avyon sa yo te chaje ak machandiz ilegal epi yo te anvayi yo ak dechèpiyen yo, daprè sa youn ofisyèl sekirite di.
Ekidonk, depi apeprè di zan, trafikan yo voye aviyasyon sa yo nan Nò, nan Savane Diane, you zòn izole ki byen kache. Depi lè sa-a, trafik dwòg la vin ogmante ak fleri. Avyon yo pa vin sèlman sot Kolombi – Venezyela vin youn pi gwo potanta tou, e te gen fanmi prezidan Nicolas Maduro ke D.E.A. te arete an n Ayiti an 2015, pou trafik dwòg. D.E.A. te arete pitit gason ansyen prezidan Ondiras la tou an n Ayiti.
Ane sa-a, Misye Moïse te apwouve youn zòn agro endistriyèl nan Savane Diane, men lè pwojè a te vin echwe, ofisyèl yo te dekouvri ke yo te apeprè 5 kilomèt Sid de youn ti aviyasyon ki pi aktif nan livrezon kokayin ak ewoyin an n Ayiti.
Ti lak ki tou prè a te plen pwason, nan youn zòn kote moun ap soufri malnitrisyon anpil, men poutan, moun nan zòn lan patka menm pwoche kote sa-a. Lè New York Times mande poukisa, agrikiltè yo te di konsa ke se youn kote yo konn vin jete kò moun ki mouri anpil.
Lè New York Times tal sou aviyasyon lokal la, youn agrikiltè ak manchèt te pwoche n pou l te mande m si te gen youn livrezon dwòg pou n te ka bal youn ti kòb poul te sa fè kankou l pat wè. De espas aterisaj pou avyon ki pa simante (youn pou chak wou), travèse zèb ki byen wo. Youn bon ti distans pis aterisaj la te genyen restan you ti avyon, ke moun nan zòn lan di ki te fè aksidan pandan sezon ete. Debri youn lòt avyon ki te boule pat pi lwen.
Lè machin polis ki ase souvan konn ap dechaje machandiz avyon sa yo konn bloke sou wout malatchong sa yo, chofè traktè nan zòn lan konn touche youn ti ponya pou yo ka dekole machin yo, daprè sa abitan zòn lan di. Yo di tou ke avan youn avyon ateri, peyizan yo konn koupe zèb ozalantou pis aterisaj la, ak limen dife nan bwat konsèv vid pou pilòt yo sa wè ki kote yap ateri nan nwit.
Moun ki te konn ap travay ak Mesye Moïse yo di konsa ke li te vin aprannn de pis aterisaj la apati de youn apèl telefonik li te resevwa de D.E.A ki te fèl anraje, ki te fèl fache anpil.  
Ant mwa Me ak Jen, pis aterisaj (aviyasyon) Savane Diane ak youn lòt ki nan zòn Nò Ayiti te konn resevwa anpil avyon, ak omwen youn douzèn avyon ki tap fè eskal, e ki potansyèlman te trannspòte plizyè mil kilogram kokayin. Se estimasyon ofisyèl sekirite Ayiti. Nan mitan mwa Jen, D. E. A. telefone otorite Ayisyen pou te mande kouman fè gen tout aterisaj sa-a briskeman, daprè sa otorite leta peyi Ayiti ki gen konesans kominikasyon sa yo te eksplike.

Anpil nan avyon sa yo te menm fè ladesant nan Pòtoprens pou te al fè gaz nan mitan lannwit, lè aewopò a te fèmen, yo di tou.
Lò Misye Moïse te vinn aprannn de bagay sa-a nan mitan mwa Jen, moun ki tap travay pou li di konsa ke misye te fache anpil. Apre sa, prezidan an te fè youn deklarasyon kote l te di konsa: Detwi aviyasyon sa-a.
Men otorite local yo te refize obeyi a lòd sa-a, daprè sa anpil ofisyèl yo te entèvyouve fè konprannn.
Apeprè youn semen aprè sa, Mesye Moïse te lakay li ak de pitit li yo lè kriminèl ki peye te vyole anndan lakay misye. Se fòs Mesye Hérard yo ki te kite moun sa yo antre lakay misye. Nan temwayaj inisyal li, Misye Hérard te di ke yo te fè bak lò moun ak zam sa yo te idantifye tèt yo kòm ajan D. E. A.
Pat gen ankenn bal ki te pati ant asasen yo e gad Moïse yo. Pandan nèg ak zam yo te antre an grenn plen nan kay la, prezidan an te rele Misye Hérard ak youn lòt ofisyèl sekirite pou te vin sove l. Se sa madanm misye di, men pèsonn pat vini.
Youn nan lidè asasen yo, Joseph Felix Badio ki limenm se youn ansyen enfòman D. E. A., te rele nouvo Premye Minis lan, Ariel Henry, an plizyè okazyon nan jou ki te presede asasinasyon an, epi kèk è de tan imedyatman aprè asasinasyon an, daprè kopi youn rapò Lapolis. Misye Henry, youn alye rapwoche Mesye Martelly, rejte tout konplisite nan krim lan.
Misye Badio toujou lib jiska prezan, men nan semen aprè asasinasyon an, yo te konn wè misye nan machin leta ki blende; se sa youn ofisyèl sekirite ki te enplike nan envestigasyon an te fè konnen.
Misye Henry retire nan gouvènman an, tout ansyen alye Mesye Moïse. Mwa pase a, li te anonse youn nouvo Minis Lajistis, Berto Dorcé ki limenm, daprè envestigasyon D. E. A., te grese lapat youn nan jij ki tap travay sou envestigasyon bato ki gen drapo Panama-a, kote yo te jwenn 1,100 kilo dwòg. Youn ansyen ofisyèl Lapolis te di tou ke avan sa, Mesye Dorcé te pase plizyè mwa nan prizon poutèt koneksyon misye nan zafè dwòg.
Mesye Dorcé pat reponn ankenn nan lis kesyon yo te bali pou te ekri atik sa-a. Daprè asosye-l yo, Mesye Martelly Miami, se la ke-l rete, kòm lap prepare-l pou youn lòt kanpay prezidansyèl.
Eleksyon nasyonal pwal fèt lane pwochen e Mesye Martelly se youn nan kandida ki nan tèt lis la.
Julian Barnes te kontribiye pou atik sa-a depi Washington.
Maria Abi-Habib se li ki antèt pou biwo nan Meksik, Amerik Santral, ak Karayib. Li konn fè repotaj nan tout zòn Sid Azi ak Mwayen Oryan pou New York Times. Wou ka jwenn li sou Twitter nan @abihabib
Hyppolite Pierre (Ipolit Piè), Prensipal Pierre Consultancy Group, te tradwi atik an n anglè New York Times lan.  

Julian Barnes te kontribiye pou atik sa-a depi Washington.
Maria Abi-Habib se li ki antèt pou biwo nan Meksik, Amerik Santral, ak Karayib. Li konn fè repotaj nan tout zòn Sid Azi ak Mwayen Oryan pou New York Times. Wou ka jwenn li sou Twitter nan @abihabib
Hyppolite Pierre (Ipolit Piè), Prensipal Pierre Consultancy Group, te tradwi atik an n anglè New York Times lan.